VISION PLUS

Nos Produits

VISION_ PLUS Gwo- modil 1_Gwo_G_id_Biznis_ayiti

VISION_ PLUS Gwo- modil 1_Gwo_G_id_Biznis_ayiti

ANTREPRENANN DE ZÉRO — Gid pratik pou kreye epi lanse pwòp antrepriz ou. Èske ou gen yon lide biznis men ou pa konnen ki kote pou w kòmanse? Modil sa a la pou ede w konprann baz antreprenarya, idantifye yon opòtinite, chwazi yon aktivite, prepare yon pwojè epi fè premye pa ou nan mond biznis la. Sa w ap aprann: Kijan pou devlope yon lide biznis. Kijan pou idantifye bezwen kliyan yo. Kijan pou prepare yon pwojè. Kijan pou kòmanse ak ti mwayen. Kijan pou òganize premye etap antrepriz ou. VISION PLUS — DE ZÉRO VERS LE SOMMET.

500,00 G
VISION_ PLUS_modil 2_estrateji_biznis

VISION_ PLUS_modil 2_estrateji_biznis

DEVLOPE ANTREPRIZ OU EPI JWENN KLIYAN — Aprann vann, atire kliyan epi fè biznis ou grandi. Gen yon biznis pa sifi. Ou bezwen konnen kijan pou fè moun dekouvri pwodwi oswa sèvis ou, kijan pou vann epi kijan pou fè kliyan yo retounen. Modil sa a ap ede w devlope kapasite komèsyal ou epi itilize bon estrateji pou ogmante lavant ou. Sa w ap aprann: Kijan pou atire nouvo kliyan. Kijan pou fè maketing sou entènèt. Kijan pou prezante epi vann pwodwi ou. Kijan pou amelyore relasyon ak kliyan. Kijan pou ogmante lavant epi devlope biznis ou. VISION PLUS — DE ZÉRO VERS LE SOMMET.

500,00 G
VISION_ PLUS_modil 3_Bati_Yon Atrepriz_Solid_

VISION_ PLUS_modil 3_Bati_Yon Atrepriz_Solid_

BATI YON ANTREPRIZ KI SOLID — Aprann jere, òganize epi fè antrepriz ou dire. Ou deja kòmanse biznis ou epi ou vle fè l vin pi solid? Modil sa a ap ede w konprann kijan pou byen dirije antrepriz ou, jere finans ou, òganize ekip ou epi prepare biznis ou pou lavni. Sa w ap aprann: Kijan pou byen jere finans antrepriz ou. Kijan pou òganize travay ak responsablite. Kijan pou devlope kapasite lidèchip ou. Kijan pou jere risk ak pwoblèm. Kijan pou itilize teknoloji pou amelyore biznis ou. Kijan pou prepare yon plan devlopman sou 90 jou. VISION PLUS — DE ZÉRO VERS LE SOMMET.

1 000,00 G